MO KREYOL JODI-A

Konbit

Konbit

MO: Konbit

KATEGORI: Non

Definisyon

Yon tradisyon kote yon gwoup moun nan yon kominote mete tèt yo ansanm pou yo fè yon gwo travay (tankou plante oswa bati yon kay) san yo pa peye yo ak lajan, men ak kolaborasyon.

Egzanp

"Katye a òganize yon gwo konbit pou netwaye kanal yo anvan lapli tonbe."

Pataje kilti nou, pataje lang nou.
© MO KREYÒL JODI-A

Padone

Padone - Mo Kreyòl

MO: Padone

KATEGORI: Vèb

Definisyon

Aksyon pou aksepte eskiz yon moun ki fè yon fòt oswa ki blese santiman w. Se lè w deside ou p ap kenbe rankin ankò epi ou libere kè w anba kòlè ou te genyen kont moun nan.

Egzanp

"Malgre tout sa li te fè m nan, mwen chwazi padone l pou m ka gen lapè nan lespri m."

Pataje kilti nou, pataje lang nou.
© MO KREYÒL JODI-A

Degrennen

Degrennen - Mo Kreyòl

MO: Degrennen

KATEGORI: Vèb

Definisyon

Aksyon pou retire grenn nan yon bagay (tankou mayi, pwa, oswa kòf). Nan sans sosyal oswa figire, li vle di yon gwoup moun oswa bagay k ap pati oswa disparèt youn apre lòt jiskaske pa rete anyen ankò.

Egzanp

"Depi viza a louvri, tout jèn yo nan katye a kòmanse degrennen pati."

Pataje kilti nou, pataje lang nou.
© MO KREYÒL JODI-A